Nap BAY TRAVAY nan: Brooklyn | Bronx | Queens | Manhattan | Staten Island | Nassau |ROCKLAND COUNTY | WESTCHESTER |ORANGE COUNTY
Nap BAY TRAVAY nan: Brooklyn | Bronx | Queens | Manhattan | Staten Island | Nassau |ROCKLAND COUNTY | WESTCHESTER |ORANGE COUNTY

Vin jwenn ekip swen nou an epi fè gwo diferans (Kreyòl)

Si pasyon w se pote lajwa, konfò, ak asistans pou moun ki nan bezwen, nou ta renmen w rejwenn fanmi nou an!
Telechaje aplikasyon anKi dokiman mwen bezwen pou m aplike?

Vin nan Attending. Jwenn rekonpans pa w.*

$1000
$1000 bonis enskripsyon pou nouvou HHA ki sètifye yo
$250
$250 bonis enskripsyon pou w vin nan Attending
$100
$100 bonis si w refere yon zanmi
*N ap peye bonis yo apre 3 mwa. Konsilte seksyon an pou plis detay.

Nan Attending, ou enpòtan.

Pou nou ou pa jis yon anplwaye. Nou ba w valè, nou apresye w, e nou respekte devouman w ak travay ou. E nou asire nou sa vizib.

Salè konpetitif + avantaj

Lè w vin nan ekip Attending lan, w ap genyen yon salè konpetitif ak avantaj sosyal. To pèman nou nan NYC se $17-$20/lè.

Nou peye jou maladi & vakans

Tout moun bezwen yon jou konje pafwa. Pwofite jou konje maladi ak jou vakans ki peye san w pa gen pou w enkyete w sou travay.

Bonis enskripsyon ak referans

Nou swete w byenveni ak yon ti kado—e nou rekonpanse w ak yon bonis si w refere nou bay yon zanmi w!

Depo dirèk chak semèn

Pa janm kanpe nan liy nan bank ankò. Nou ka voye salè w pou ou dirèkteman sou kont an bank ou chak semèn.

Kouvèti asirans

Antanke manm yon sendika ou gen dwa ak avantaj medikal, dantè, vizyon, ak plan asirans vi.

Inifòm gratis

Antanke yon HHA (èd nan swen sante adomisil) nan Attending, w ap resevwa yon inifòm tou nèf, totalman gratis.

PPE (Ekipman pwoteksyon pèsonèl) gratis

Nou ba w tout ekipman ak PPE ou bezwen, sa gen ladan l gan, e menm sanitayzè.

Orè ki fleksib

Pèsonalize orè w ak lè k ap mache ak fason w ap viv ak preferans ou.

Fasil pou w konte lè w yo

Mete lè w antre ak lè w soti fasil ak nimewo apèl nou an oswa aplikasyon mobil nou an, konsa ou pap janm manke yon jou.

Enstriksyon ak sipò

Ap toujou gen yon kowòdinatè ka ki konnen w nan non w e ki disponib pou reponn kesyon w yo.

Pwogram anplwaye mwa a

Yo rekonèt e yo rekonpanse HHA ki nonme antanke Anplwaye mwa a paske li te eksepsyonèl.

Travayè sante adomisil etazini

W ap vin fè pati SENDIKA Travayè sante adomisil etazini e w ap resevwa avantaj sendika a.
Kontakte nou
״Mwen renmen travay mwen״"
M ap travay nan Attending depi 2006, e mwen pa ka sonje menm yon plent m ta genyen. Mwen renmen travay mwen an e mwen fè l ak kè kontan."
— Marilu, HHA nan Attending depi 2006

Ou pa gen sètifika? Pa genn pwoblèm.

Si w vle vin yon HHA ki sètifye, n ap kouvri pri pwogram pou w gen sètifika HHA a (jiska yon montan $500!) epi n ap gide w pandan pwosesis la, konsa ou kòmanse fè lajan nan yon ti tan.
Gen klas disponib lajounen kou aswè
Gen fòmasyon k ap kontinye ki bay distans pou ranpli egzijans yo
Nou ede ak egzijans medikal yo
Wi, mwen vle vin yon HHA ki gen sètifika
Note sa: Ou dwe gen omwen 18 an epi gen otorizasyon legal pou w travay Ozetazini pou w kalifye pou pwogram sa a

Èske pasyon w se ede lot moun?

Nan Attending, w ap pase chak jou nan chanje lavi pou l vini pi bon, e n ap ede w nan chak etap nan chemen an.
Telechaje aplikasyon an

Vin fè yon vizit. Nou ta renmen wè w.

Gade poukisa HHA yo fyè pou yo travay pou yon ajans ki dedye nan bay pi bon avantaj ak sèvis pou kliyan yo. Vizite nou pou rankontre anplwaye nou yo ki janti epi resevwa yon sache byenveni gratis.
Biwo nou yo twouve yo nan Brooklyn, Bronx, Queens and Suffern, e yo aksesib pa mwayen transpo piblikj.
״Dezyèm fanmi m״
Attending trete w tankou moun. Si w bezwen yon bagay, yo toujou la pou yo tande w. Yo apresye travay nou fè. E kliyan yo se tankou dezyèm fanmi m.”
— Gabriel, HHA nan Attending HHA depi 2009

Ou gen kesyon? Kontakte nou.

Kontakte nou